1.Konprann Kamera w ap itilize a yon kamera pwofesyonĆØl (DSLR oswa Mirrorless), aprann fonksyon yo tankou ouvĆØti, vitĆØs obturatĆØ, ak ISO travay ansanm pou kontwole limyĆØ ak konpozisyon.
- Ouvèti (Aperture) Ouvèti se ouvèti fizik lantiy kamera a, ki kontwole konbyen limyè ki antre nan sensor la. Li mezire an "f/stop" (f/1.8, f/4, f/11, elatriye). Yon f/stop ki ba (f/1.8) pèmèt plis limyè epi kreye yon efè "blur" (boublur) dèyè sijè a, ki itil pou pòtrè. Yon f/stop ki pi wo (f/11) pèmèt mwens limyè, men tout bagay nan ankadreman an ap klè, bon pou peyizaj.
- Vitès obturatè (Shutter Speed) Vitès la deside konbyen tan obturatè kamera a rete ouvè. Yon vitès obturatè rapid (egzanp 1/1000 segonn) friz mouvman, itil pou aksyon rapid tankou espò. Yon vitès pi long (egzanp 1/30 segonn) pèmèt mouvman flou, bon pou efè kreyatif oswa foto nan limyè fèb ak trepye.
- - ISO Sa se sansiblite sensor kamera a a limyè. Yon ISO ki ba (100-400) pèmèt foto pwòp nan limyè byen klere. Yon ISO ki wo (800-3200+) itil nan limyè fèb, men li ka ajoute "grenn" oswa "bri" nan foto a. Jwenn ekilib ant ouvèti, vitès obturatè, ak ISO pou bon ekspozisyon.
2. Konpozisyon Itilize rĆØgle "twazyĆØm pati yo" (Rule of Thirds) kote ou plase sijĆØ prensipal la nan youn nan 4 enterseksyon kote liy imajinĆØ yo travĆØse lĆØ ou divize ankadreman an an 9 pati. Sa ede foto yo parĆØt plis ekilibre.
- - RĆØg twazyĆØm pati yo (Rule of Thirds) Divize ankadreman ou an 9 kare lĆØ ou trase 2 liy vĆØtikal ak 2 liy orizontal. SijĆØ prensipal ou (tankou yon figi, yon bilding, elatriye) ta dwe pozisyone kote liy yo travĆØse. Sa a kreye yon foto ki plis natirĆØl epi ki kenbe atansyon moun ki gade a. Evite mete sijĆØ a egzakteman nan sant lan si w ap swiv rĆØgle sa a.
- - Liy dirijan Itilize liy natirĆØl nan sĆØn nan (chemen, rivyĆØ, miray, elatriye) pou gide je moun ki gade foto a nan direksyon sijĆØ prensipal la. Liy sa yo ajoute pwofondĆØ ak direksyon nan foto a.
- - Ankadreman natirèl Sèvi ak eleman nan anviwònman ou (tankou yon branch pye bwa, yon pòtay, elatriye) pou kreye yon ankadreman bò kote sijè a. Sa fè foto a parèt plis konsantre epi kaptivan.
3. Ekleraj Limyè se youn nan eleman kle nan fotografi. Natirèl oswa atifisyèl, aprann kijan pou kontwole li. Nan deyò, pi bon moman yo se lè solèy la kouche oswa leve (Golden Hour).
- - Limyè Natirèl Bon moman pou pran foto deyò se pandan **Golden Hour** (1èdtan apre solèy leve oswa anvan solèy kouche). Limyè a sepiya, pi mou, epi pi bèl pandan tan sa a. Evite solèy di pandan mitan jounen an, paske li ka kreye lonbraj twò fò sou figi yo.
- - LimyĆØ ArtifisyĆØl Si w ap itilize limyĆØ atifisyĆØl, pran plezi jwe ak **lumiĆØre modifie** tankou parapli, "softbox" pou fĆØ limyĆØ a pi mou, oswa dirĆØk limyĆØ a nan diferan ang sou sijĆØ a pou kreye efĆØ diferan. LimyĆØ difize yo fĆØ lonbraj pi dou, pandan ke limyĆØ dirĆØk ka bay plis kontrast.
- - Backlighting (LimyĆØ DĆØyĆØ) LimyĆØ soti dĆØyĆØ sijĆØ a ka kreye yon efĆØ silwĆØt enteresan, kote sĆØlman kontou sijĆØ a vizib, oswa limen kontour li nan yon fason dramak.
4. PĆØspektiv Chanje ang ou pran foto a pou kreye enterĆØ. FĆØ esĆØy avĆØk ang diferan pou jwenn efĆØ inik.
- Ang ba (Low Angle) Lè ou pran foto soti anba, sa fè sijè a parèt pi gran, plis enpòtan oswa enpresyonan.
- Gwo Ang (High Angle) Pran foto soti anwo fĆØ sijĆØ a parĆØt pi piti, pi frajil, oswa plis vilnerab, ki ka ajoute yon naratif enteresan nan foto a.
- Bird’s Eye View Pran foto ki soti anwo sijĆØ a, tankou yon ĆØgzanp pran foto, sa kreye yon pĆØspektiv totalman diferan
- Close-up ak Macro Pran foto trĆØ pre yon objĆØ oswa yon detay bay yon aspĆØ tĆØks, ki ka kaptivan, espesyalman nan lanati oswa foto pwodwi menm ke yo plis itilizel nan video .
5. Editasyon Itilize lojisyĆØl tankou Lightroom oswa Photoshop pou modifye ak amelyore foto ou yo. Ajiste koulĆØ, kontrast, ak ekspozisyon pou amelyorasyon.
Ou ka kòmanse ak konsèy sa yo pou bati yon baz solid nan fotografi.
2 Commentaires
Bravo . E mwen aprann anpil nan saw pataje ak nou yo . MĆØsi anpil
RƩpondreSupprimermw espere ede plis moun ke sa pataje an important wi
Supprimer